Rechercher

Konsèy pou jèn ki fini etid segondè yo (oswa ki nan Filo)

Mis à jour : mars 12

Chak ane plis pase 50 000 jèn an Ayiti pase egzamen bakaloreya. Aprè etap sa a, yo gen pou yo fè 3 chwa ki enpòtan anpil pou lavni :


1) Chwazi yon metye → 2) Chwazi fòmasyon osinon etid pou aprann metye a, nan Inivèsite oswa nan Lekòl pwofesyonèl → 3) Chwazi yon enstitisyon kredib ki ofri fòmasyon osinon etid sa a, an Ayiti oswa Aletranje.

Pou yon jèn ki pat janm oryante depi klas 3zyèm segondè (oswa Segondè 1), chwa sa a yo pa fasil. Yo vini ak anpil tèt fèmal.

Pou ede’w byen pase etap sa a yo, nou vini ak kèk konsèy pou ou :


Premye konsèy : KONNEN «TYPE » PWOFESYONÈL OU AK METYE YO Travay rechèch psychologue ameriken John Holland pèmèt nou idantifye 6 "types" moun selon jan yo travay, sa yo ka fè pi byen ("aptitudes"), osinon sa yo plis renmen fè ("intérêts") parapò ak diferan metye oubyen domèn detid. Men yon tès anliy k ap ede w reflechi sous tèt ou :

www.cnio.org/test-orientation


Dezyèm konsèy : KONNEN KATEGORI FÒMASYON KI BAY KALIFIKASYON POU METYE OU VIZE A:

Fòmasyon gwoup « CAFÉ » (« Comptabilité/Commerce, Administration/Affaires, Finance, Économie » et tout sa ki sanble avè yo)

Fòmasyon nan Syans ak teknoloji (pou moun ki alèz nan matematik, fizik, chimi, byoloji, ak lòt matyè ki nan gwoup sa a)

Fòmasyon nan Syans ki etidye moun ak sosyete, Lèt ak Lang + domèn atistik (pou moun ki alèz nan syans sosyal, disètasyon ek tout matyè ki sanble ak sa a yo).


Twazyèm konsèy : KONNEN NAN KI ENSTITISYON, NAN KI PEYI OU PRAL APRANN OSWA ETIDYE : Apati de pwofil yon moun, epi pwojè li genyen pou lavi’l, li ka chwazi:

1) Swa yon INIVÈSITE :Inivèsite/fakilte, enstiti ak lekòl siperyè se kèk non yo itilize pou pale de enstitisyon kote yon moun al swiv sa yo rele « études de cycle long » (sa vle di ki dire ant 3zan et 8 an). Fòmasyon inivèsite bay kouvr gwo domè syantifik yo («exemples de domaines: sciences appliquées, sciences dures / pures, sciences humaines, etc»). Inivèsite bay fòmasyon yo sou 3 nivo :

Premye nivo a kouvri 3 premye ane yo (an Ayiti se 4 ane) : nan kèk peyi yo rele’l « LICENCE » (France, Haïti, Suisse) ; gen kote yo rele’l « BACCALAURÉAT» (Canada) oubyen « BACHELOR » (USA, Royaume-Uni, Australie)


Dezyèm nan kouvri 4triyèm ak 5kyèm ane : li rele « MASTER » (oubyen «MAITRISE»)


Twazyèm nivo a kouvri 6zyèm, 7tyèm ak 8tyèm ane etid la : li rele « DOCTORAT» oubyen « PhD » (Philosophiæ doctor). Egzanp : « Pitit Madan Pyè a se « Doktè an Dwa », sa vle di li fè yon doktora nan Dwa. Etid li kouvri toulè 3 nivo yo (pandan 8 a 9 lane).



2) Swa yon LEKÒL PWOFESYONÈL :

Fòmasyon pwofesyonèl pèmèt ou aprann nan 2 zan pou pi plis yon metye teknik. Etid yo pa

long menm jan ak inivèsite epi yo pratik. Lekòl pwofesyonèl fòme teknisyen pou endistri. Aprè 2 zan, diplòm ki pi wo a rele DT (« Diplôme Technique »). Leta Ayisyen plase yon enstitisyon ki rele « Institut National de Formation Professionnelle (INFP) » pou ankadre epi sanksyone fòmasyon teknik sou tout tèritwa a. Pa bliye sa : se sèvo enjenyè (inivèsite) + ponyèt ak zouti teknisyen (lekòl pwofesyonèl) ki devlope yon peyi. Pou konnen lekòl pwofesyonèl ki otorizeyo, vizite sit sa a : http://www.infp.gouv.ht/public/?hmap



3) Swa an AYITI :

Preske 90% nan inivèsite ak lekòl pwofesyonèl an AYITI se byen prive (yo pa pou Leta). Sa vle di fòk etidyan an oubyen aprenan yo gen mwayen pou peye etid yo nan etablisman sa a yo.Pou yon jèn antre nan etablisman piblik yo (anviwon 10% de tout etablisman), li dwe pase yon konkou. Men kèk nan etablisman piblik sa yo :

  • 11 antite nan Depatman Lwès ki fòme « Université d’État d’Haïti (UEH) » + Lekòl siperyè Dwa, Ekonomi ak Jesyon ki an Pwovens yo + “Campus Henry Christophe” ki nan Limonad (Nò). Sit entènèt la www.ueh.edu.ht

  • 7 « Universités Publiques en Régions(UPR) » yo

  • Centre Technique de Planification et d’Économie Appliquée (CTPEA)

  • École Nationale Supérieure de Technologie (ENST)

  • École Nationale de Géologie Appliquée (ENGA)

  • École Nationale des Arts (ENARTS - Ministere de la Culture)

  • "Faculté des Sciences Infirmières de Port-au-Prince (FSIP)" + les "Écoles d'infirmières" publiques en province.


4) Swa ALETRANJE :

Yon jèn ki fini etid segondè’l an AYITI epi ki vle al kontinye inivèsite’l oubyen yon fòmasyon pwofesyonèl ak teknik nan peyi ALETRANJE, bezwen youn nan 2 eleman sa a yo (pafwa toulède) :

Mwayen ekonomik : Lè w’ap chwazi yon peyi etranje pou’w etidye, ou dwe enfòme’w de sa yo rele « regime de financement des études » nan peyi sa a. Gen yon seri de peyi, se Leta ki peye pifò nan frè etid siperyè oubyen fòmasyon pwofesyonèl pou stitwayen ak rezidan yo. Montan etidyan yo peye a ba anpil. Men kèk peyi ki fè’l konsa : France (menmsi frè yo ogmante), Allemagne, Cuba. An France, etidyan nan nivo « LICENCE » peye anviwon 450 euros pou yon ane. An Allemagne, anviwon 500 euros. Se vre montan kòb lekòl la ba, men etidyan ki pral nan peyi sa a yo dwe gen kòb pou viv chak jou (chanm, manje, rad, swen sante, medikaman). Sa vle di ou dwe gen yon bidjè avan ou deplase. Egzanp : yon etidyan etranje ki nan youn nan peyi nou sot site yo ap bezwen ant 700 e 1000 dola ameriken pa mwa pou li viv (san liv, dokiman ak materyèl pedagojik pa ladan’l). Nan kèk lòt peyi, Leta pa peye frè etid siperyè, se sa ki fè inivèsite nan peyi sa a yo pi chè. Nou ka site : USA, Royaume-Uni (Angleterre) oubyen Australie kote yon ane etid nan inivèsite yo ka koute plis pase 100 000 Dola Ameriken (egzanp : Harvard University, 108 000 U$D / ane). Men, nan peyi sa a yo, etidyan ka prete lajan pou li peye inivèsite li epi aprè etid li lè l’ap travay l’ap ranbouse Leta. Bon, sa pa toujou byen pase, e anpil nan prè sa a yo pa janm ranbouse... Anpil nan nou te ka konn tande pale de kriz "Subprimes" yo nan USA ak Royaume-Uni (Angleterre); ebyen anpil nan prè sa a yo ki pat janm ranbouse se te etidyan ki te fè yo (https://www.franceculture.fr/emissions/les-nouvelles-de-leco/les-nouvelles-de-leco-du-jeudi-30-aout-2018).


Pèfòmans akademik :

Fòk ou gen bon bèt sou ou. Gen 2 fason inivèsite lòtbò yo rekrite etidyan etranje:

  • Atravè konkou (yo fè tout kandida a yo pase yon egzamen ekri oubyen yon entèvyou oral...)

  • Sou dosye (yo analize dokiman kandida yo voye : kanè, relve nòt, lèt motivasyon...)

Nan tou 2 fason sa a yo, se nòt etidyan an te konn fè k’ap deside. Souvan yo konn egzije pou kandida a gen omwen 7 kòm mwayèn jeneral oswa pou matyè ki pi enpòtan nan domèn li pral etidye a...N'ap siyale ke gen inivèsite etranje (sitou ameriken) ki konn voye delegasyon yo al rekrite etidyan aletranje. Genyen ladan yo ki vin rekrite Ayiti deja.


Avan nou fini, yon ti koze Konsènan « Bourses d’Études » aletranje yo :

Men sa jèn ki finn fè etid segondè yo an Ayiti dwe konnen : pifò pwogram « bourses d’études » vize etidyan ki déjà fè « Licence » yo déjà, paske pifò se « bourses » pou nivo « Master » ak « Doctorat ». Nou byen di « pifò », men pa tout. Men kèk nan peyi ki ofri bous pou jèn ayisyen kòmanse etid siperyè touswit aprè bakaloreya (nivo « Licence ») : Cuba, Taiwan, Japon, Mexique, Maroc... Se pou sa, si yon etidyan pa gen fanmi nan peyi kote li ta renmen al etidye a oubyen li poko gen ase mwayen ekonomik, nou konseye'l fè etid "premier cycle" li an Ayiti (premye nivo a : "LICENCE"), epi lè li finn fè "LICENCE" lan, l'ap pi fasil pou li antre nan yon inivèsite aletranje pou li al kontinye onivo "MASTER" ("2ème cycle" / dezyèm nivo). Li pi fasil pou yon etidyan ayisyen jwenn "bourse d'études" nan inivèsite aletranje apati nivo "MASTER" ("2ème cycle") ke nivo "LICENCE" ("1er cycle"). Nou te kontan pataje enfòmasyon sa a yo avè’w. Pa bliye « LIKE » epi PATAJE paj nou an pou’w ka toujou jwenn oryantasyon.


Bon succès !

Avez-vous une question sur votre orientation et nos publications ? Écrivez-nous à info@cnio.org





Abonnez-vous pour recevoir nos prochaines publications par e-mail.

#bloggingtips


#orientation#formation#etudes#universite#avenir#aptitudes#etudiants#carriere

17 vues